Ayiti/Kidnapin : Solisyon an nan men pèp la.

Sa fè anviwon 16 lane depi pèp Ayisyen an ap monte yon maswife ak zak kidnapin. Kantite zak anlèvman yo pa janm diminye. Statistik yo montre ke ti Mari pa monte, ti Mari pa desann. Militan dwa moun yo obsève gen anpil gwo palto ak sektè ki mare sosis yo ak kidnapè yo.

Otorite yo pa te rete bwa kwaze. Gen kèk mezi ki te pran pou eseye frennen sitiyasyon sa. Nan ane 2005, gouvènman te pran yon dekrè pou kondane kidnapè ak konplis yo a travay fòse pou tout rès vi yo. Nan ane 2006, gouvènman René Preval la te vini ak pwogram DDR a ki kòmanse bay yon ti rezilta, men se pa te pou lontan.

Polis Nasyonal pa te janm gen kapasite pou fè fas ak zak anlèvman to. Gen rapò ki fè kwè gen polisye ki enplike nan move zak sa yo. Malgre li gen yon inite k ap lite kont kidnapin. Lajistis pa te janm montre li gen veleyite pou pini kòmsadwa, e se kondanasyon fantezis ki pa gen anyen pou wè ak travay fòse.

Dènye ane sa yo, kidnapè yo vin pi voras, pi akrèk e lavi moun pa vo anyen pou yo. Kounye a, pa gen okenn moun ki epaye, menm ti machann sosis yo kidnape. Otorite yo pa montre volonte reyèl pou konbat zak ensekirite yo. E sanble gen bandi ki ap travay pou yo.

Pami zak kidnapin ki fèt nan peyi a gen 2 moun ki jwenn liberasyon yo paske gouvènman an te ka twouve l nan yon sitiyasyon difisil. Tout moun ka fè dediksyon ke doktè Jerry Bitar nan lopital Bernard Mevs ak Hans David Telemaque lopital jeneral te jwenn liberasyon yo paske lopital yo te menase fèmen pòt yo e sa pa t ap bon pou gouvènman Jovenel Moïse la. Kidonk, pèp la gen enterè pran lari pou mande gouvènman pran responsabilite l chak fwa yo kidnape pitit pèp la paske Jovenel  Moïse pap kite peyi a vin bloke nan men l. 

Pèp la sanble konprann ke solisyon kidnapin nan se nan men l li ye. Konsa,  avèk slogan “Aba Jovnèl, aba kidnapin”, yo te kòmanse okipe beton pou di yo pap asepte kidnapin Betsaïna Louis Jean, jenn fi 16 lane a yo te kidnape blok legliz sen Antwân nan zòn avni Poupla jou ki te 18 desanm 2020 an. Betsaina te rive jwenn liberasyon l yè samdi 19 desanm nan.

Li pa posib pou kidnapè ap fè pèp la monte yon maswife. Viktwa a sipoze pou pèp la, se kidnapè pou ki al bwè te vèvenn.

Pin It on Pinterest