Ayiti/Sekirite : DG ai lapolis la bat bravo pou tèt li.

 

Se avèk anpil satisfaksyon, jou ki te lendi 9 mai 2022 a, Frantz Elbé prezante, bay laprès bilan travay PNH la reyalize sou lidèchip li. Statistik enstitisyon an pou 6 dènye mwa yo prezante konsa :
– 4918 arestasyon

– 94 bandi mouri
– 234 zam sezi
– plis pase 25 kilo kokayin sezi
– 78 mil dola ameriken sezi
– plis pase 34 milyon goud sezi

Toutfwa malgre chif sa yo, popilasyon pa sispann ap monte yon maswife pa do anba men bandi sitou nan Pòtoprens. Kounye a bandi yo kontwole ni antre Sid ak Nò kapital peyi a. Gang yo pa sispann goumwn pou teritwa. Sitiyasyon lese frape ki gen ant gang Chyen Mechan ak 400 Mawozo fasilite reyisit kèk operasyon lapolis mennen nan zòn “Plaine du Cul-de-Sac”. Sa ki pèmèt DG Elbé pran konfyans nan tèt li jouk li pwòmèt lap libere Matisan.

Pin It on Pinterest