Okap : Lapolis nan vil Okap mete anba kòd sitwayen Bendjy chery pou “izipasyon tit.”

Lapolis resi, jodi 24 fevriye 2023, mete men nan pat kasav Bendjy Chery pou izipasyon tit, èskwokri ak abi konfyans. Depi lane 2020, Bendjy ap bay move kou. Li simaye fo dokiman, pran lajan nan men moun pou fè yo pati nan peyi lettanje epi li mawon pou li pa onore pwomès li. Dènye movèz aksyon towo a, se fè tèt li pase pou medsen. Kounye a li ap reflechi anba men lopolis.

Sous : PNH

Pin It on Pinterest